Screenshot 20251225 073705 Word

Pétition de la communauté de Duplan suite à des décisions jugées incorrectes contre leur école

PETISYON POU DENONSE KONPOTMAN MALONET DIRIJAN LEGLIZ METODIS YO NAN KOMINOTE DUPLAN
Depi 2019, yon pwoblèm mete fasafas dirijan Legliz Metodis dAyiti yo, anpatikilye Bishop Legliz la, ki se Jean Lesly Dorcely ak Sirentandan Sikui Petyonvil nan epok la, ki limenm, se Pastè Jean Samuel Exantus, ak kominote Duplan an. Yon ti kominote pezib kap viv de pitit an pitit, depi plis pase 200 lane, sou yon sèl bout tè san li pa separe. Duplan se kote moun konn kijan pou yo byen akeyi moun. Se kote moun viv youn ak lot nan nan lapè. San nou pa bezwen raple ki kote I komanse, nap fè konnen depi lè pwoblèm sa a rive, tout relasyon kanpe ant kominote Duplan ak dirijan Legliz Metodis dAyiti yo. Aprè kèk tantativ reyinyon ki pa pote rezilta, Legliz Metodis dAyiti pran desizyon vire do bay ni lekol ni legliz nan Duplan. Yo te espere lekòl la ak legliz la ta pral soufri pou absans yo, men se pa sa ki rive. Sa lòm di se pa sa Bondye di ! Se Bondye ki bay sajès pou fè moun dirije byen !
Depi kèk tan, se zak endimidasyon ak demonstrasyon fòs kap fèt sou kominote a. Bishop Jean Lesly Dorcely otorize yon Pastè yo rele Bastien Veillance Jr pou li fè tout kalite zak briganday nan kominote a. Nap site :
• Nan jou ki te 17 Jiyè, li vin pwomennen sou Iakou legliz la ak plizyè nèg ak zam pou entimide moun ;
• Nan dat ki te 21 Jiyè li rele Senk (5) anplwaye lekòl la nan tribinal ;
• Nan dat ki te 23 Jiyè 2025, li voye somasyon bay ouvriye legliz la ak anplwaye lekòl la ki pa gen okenn rapò ak li;
• Nan dat ki te 3 septanm 2025, li fè poze SELE sou lekòl la ak lòt byen kominote a; • Nan dat ki te 6 novanm 2025, li voye 2 chèf brigad Bwamonkèt pou vin arete direktè finansye ak tout kontab lekòl la ki se 2 ekonòm nan legliz Duplan. Pou n site sa yo selman.
Noumenm nan kominote Duplan, kap viv ann Ayiti tankou lötbö dlo, nou siyen petisyon sa a pou nou di nou pa dakö ak zak entimidasyon sa YO kap twouble lapé nou nan kominote a. Yo twouble fonksyonman leköl nou ki gen plis pase 800 elév. Timoun pa ka aprann nan laperéz pandan paran YO yomenm rete ak ké YO sou biskét. Zak sa YO twouble kalite lavi nou abitye mennen nan kominote Duplan an.
Nou vle dirijan metodis YO konnen tout kominote fé yon sél pou defann tout byen I YO ki se .
Yon teren ki mezire 15 kawo e ki gen yon sél papye;
Yon batiman legliz;
Yon batiman lekol primé Mesye Raymond Flambert te fé I kado nan Iane 1974;
Yon batiman segondé ki bati sou lidéchip Paste Edzaire Paul ;
Yon sal kominoté ki sévi pou fé konferans epi reyinyon lajenés
Yon bibliyoték kominoté ke Paste Edzaire Paul bati nan Iane 2001ak Sipo FOKAL
Yon klinik Kominoté kap desévi tout moun e ki tou sévi köm klinik eskolé;
Yon pui atezyen Paste Edzaire fé fouye pou bay dlo potab nan kominote a;
Yon dlo trete ki loje nan lokal refektwa kote elév leköl YO manje;

Nap kanpe kont tout mannév akjwét métdam ki Sible byen sa YO kömkwa YO se byen legliz metodis dAyiti. Nap denonse tout konplo ki TA VIZE, swa asasinen swa mete Paste Edzaire Paul nan prizon ak pwöch kolaboraté li yo. Si mannév sa YO pésiste, nap pote plent lajistis kont Bishop Jean Lesly Dorcely ak tout Bastien Veillance Jr kap aji nan non Legliz Metodis dAyiti.
Petyonvil, nan dat ki 23 desanm 2025
Moun ki siyen petisyon sa a : (Lis non moun ki siyen yo)
Screenshot 20251225 073705 Word

Screenshot 20251225 073714 Word

Screenshot 20251225 073722 Word

Screenshot 20251225 073730 Word

Screenshot 20251225 073738 Word

Screenshot 20251225 073747 Word