Img 20241114 Wa0093

Opinyon| Konprann sistèm Moncash la nan 10 pwen

1. MonCash se yon sèvis lajan mobil ki tankou yon bous elektwonik ke konpayi Digicel ap opere an Ayiti depi plizyè ane. Sèvis sa a pèmèt Ayisyen fè divès kalite tranzaksyon lajan san yo pa bezwen pran liy nan bank. Avèk MonCash, ou ka chita lakay ou epi voye lajan kote w vle nan peyi a, resevwa lajan ki soti tout kote menm aletranje, achte sa ou bezwen, peye lekòl pitit ou, peye abònman ou, oswa menm fè fich pari espòtif pandan ou kouche sou kabann lakay ou. Tout tranzaksyon sa yo fèt avèk sekirite epi rapidite.

Kijan sa fonksyone?

2. Dapre ankèt nou fè, yon ajan MonCash se yon reprezantan, yon moun oswa yon biznis, ki otorize pa MonCash pou ede kliyan fè tranzaksyon tankou depoze, retire, oswa voye lajan. Ajan yo sèvi kòm entèmedyè pou moun ki vle sèvi ak MonCash san yo pa bezwen al nan bank.

3. Pou sistèm MonCash la fonksyone, konpayi Digicel la dwe ap fonksyone an premye. San siyal Digicel, pa gen MonCash. Donk, dèyè sèvis sa a ki pèmèt anpil moun nan tout kwen peyi a fè tranzaksyon lajan, gen anpil envestisman ak gwo efò bò kote Digicel ak MonCash.

4. Pou Digicel fonksyone, anplis tout lòt depans li fè pou jere jeneratris, batri, fib optik, elatriye, li bezwen gaz pou plis pase 1,200 antèn nan tout peyi a. Selon yon responsab nan Digicel, distribye gaz sou antèn sa yo pa fasil. Gaz la achte nan Pòtoprens, epi, akoz wout nasyonal yo ki souvan bloke, Digicel oblije peye bato byen chè pou transpòte gaz la nan lòt rejyon nan peyi a.

5. Lè fin gen siyal Digicel, MonCash ka kòmanse fonksyone. Pou MonCash mache, gen yon sistèm konplèks ki mande atansyon ak jesyon chak jou 24/24. Kenbe sistèm sa a operasyonèl koute MonCash anpil kòb. Menm lè kliyan an oswa ajan an ap dòmi, sistèm lan dwe toujou ap mache pou asire operasyon ki ap kontinye fet.

6. Lè gen yon tranzaksyon ki gen pwoblèm, tankou yon kliyan ki fè yon erè nan nimewo, MonCash mete yon sèvis kliyantèl disponib 24/24 pou ede kliyan ak ajan yo. Sèvis kliyantèl sa a pa fonksyone ak wobo; se anplwaye MonCash ki okipe sa.

Kote MonCash fè pwofi ? kote ajan MonCash jwenn pwofi pa l la ?

7. Lè yon kliyan al jwenn yon ajan pou fè yon tranzaksyon tankou depoze, retire, oswa voye lajan, li peye yon frè. Frè sa a divize ant MonCash ak AJAN an. Pati ki al jwenn AJAN an rele « komisyon. » Komisyon sa a fikse daprè kèk barèm MonCash mete, epi li varye selon tranzaksyon an. Anvan yon ajan siyen kontra ak MonCash, li resevwa tout enfòmasyon sou komisyon yo. Nan yon lòt travay k ap vini, n ap detaye griy komisyon yo.

8. Komisyon sa yo pèmèt ajan MonCash la fè lajan pa l. Komisyon an se yon benefis pou ajan an, paske pou sèvis la mache, ajan an pa bezwen depanse pou l jwenn siyal, fè piblisite oswa achte materyèl ki nesesè pou sèvis la fonksyone. Se MonCash ki okipe aspè sa yo.

9. Lè yon biznis gen yon pwen MonCash, sa se deja yon gwo avantaj. Anplis komisyon an, Fanette François, yon ajan MonCash nan Delmas 32, eksplike nou boutik li a vann plis depi lè li fin ajoute sèvis MonCash la. Souvan, kliyan ki vin retire lajan an pwofite achte pwodui nan biznis lan. MonCash fè plis moun frekante biznis ajan an, e plis kliyan frekante biznis lan se plis chans pou l vann.

10. Pami avantaj ou jwenn lè w se ajan MonCash, ou ka fè plis kòb atravè komisyon yo, ou ka atire kliyan nan biznis ou, ou ede kominote w lè w fasilite moun ki pa gen kont labank jwenn sèvis finansye a, epi ou ka grandi biznis ou gras a plis kliyan ak plis demann ki gen sou biznis ou.



WP Twitter Auto Publish Powered By : XYZScripts.com
error: Content is protected !!